mardi 26 février 2019

LADIM





LA DIM
Kisa DIM nan ye e sou mi fom yo te dwe bay li?
DIM se te yon konsèp nan ansyen testaman an.Se te yon rezon nan lwa
moiz la kote tout izraelit yo te dwe fè yon ofrand de 10% nan tabèbak,
nan sa yo rekolte ou nan oveja ke yo tap pran swen ;levetik 27:30-
34{N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt
rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou
Seyè a dis pou san sa yo ye.
31 Si yon moun vle
Resultado de imagen para la dime ancien testamentachte pou li menm kichòy nan dis pou
san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (20%)
lavalè.32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf,kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa,chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.33 Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni  sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo
ankò.34 Men tout regleman Seyè a te
bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.},
Nomb 18:21: {Seyè a di konsa: -Mwen mete tout la DIM moun
Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch
fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan
Tant Randevou a.}

Deteronòm 14:23{Apre sa,nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè
sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a
manje laDIM farin nou, la DIM diven
nou ak laDIM lwil oliv nou ansanm ak
premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se
konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.}2 kronik 31:5-6{Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.
6 Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a.Yo pote yo fè pil sou pil.}
Donk lwa ansyen testaman an te bezwen divès fôm de DIM,youn pou levit yo,yon lòt pou tamp
lan ka itilize,e pou lè yap fè fèt, yon lôt pou pòv yo.Eske jan legliz kounya a yo entepretel la se sa labib di reyèlman.Gen moun ki pran DIM (10% an)nan kôm yon empozisyon minimòm pou kreyen yo dwa bay sinon yo pap beni.

Nan nouvo testaman pa gen okenn kote li rekômandew pou kretyen bay DIM.sèlman li di " nan 1
korintyen 16:2{Pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an}.
Nouvo testaman an pale de empôtans e benefis ou jwnn nan bay.nou dwe bay Selon posibilite
nou. Pafwa sa vle di ou ka pliske 10% an konsa mwens tou e sa depan de resous legliz lan e
nesesitel genyn pou sa. Jak 1:5 {siyon moun pami nou manke bon konprann se poul mande Bondye,Bondye va bali li.Paske Bondye bau tout moun san pou gremesi.}

Ampil moun utilize vèsè sa a yo pou di DIM e ofrann siw pa potel lakay bondye a (edifis kote yo
loje legliz Bonsye a) se yon peche ki ka empechew jwenn benediksyon.
Sak pwoblem lan, lèw utilize pasaj piro yo oubyn lòt pasaj nan ansyen testaman an pou ka apiye
aplikasyon DIM lan nan sèke pasaj saa yo, lawa saa yo apatyen ak ansyen testaman e ansyen
testaman an se yon bagay mèveye kel ye e se yon pati nan ekriti sakre ke Bondye te enspire menm
jan Paul dil la nan romen 15:3-4.{ Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure.}
Chak bagay ki ekri nan bib la te ekri nan objektif pou nou menm lôm nou ka aprann. Nou
ka aprann nan li deteronôm, malachi, genèz ou kelekswa lôt liv nan ansyen testaman an,
men as pa vle di otomatikman nou dwe mete tout an aplikasyon Rezon ki fèm di sa daprè labib: Avan sakrifis e rezireksyon jezukris se te tan sou la lwa men kounyaa nap viv aprè sakrifis,Ansyen testaman an te plis aplikab ak jwif ki tap viv Anba lalwa,lè Jezu potko vini,lè prèt yo te la, selon apòt Paul nan nan galat 3:23-26 {Anvan lè a te rive pou n' te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l', jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a.24 Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pouveye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.25 Men koulye a, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la; nou pa anba men moun ki t'ap veye nou an ankò.26 Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye}Gen gwo diferans klè ant 2 peryôd sa yo sak te valid pou premye peryôd lan ki te lalwa pa valid nan moman sa a ankô, e sak valid kounyaa nan dezyèm peryôd lan li pat aplikab pou premye a:
La grasNou ka aprann ampil de sa kite valid nan premye peryôd la? wi.Men li aplikab pou nou jodia?Pa fôseman. Ou ka li sòm, provèb wap jwenn oryantasyon pou viw. Sajès etènèl la se li ki travèse peryòd detan yo.Yon lòtbò ou ka ale nan pasaj spesifik lalwa a ,pa egzamp pasaj sou DIM,pasaj sou sakrifis animal ou selebrasyon ki te genyn an Israel yo,menmsiw ka aprann de yo men yo pa aplikab dirèkteman a nou .

Sa a valid osi pou tout sa ki di nan lwa moiz yo. Paske lwa sa a te aboli lè jezi te krasifye sanl pou
nou.
kolosyen 2:13-14{Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche
nou yo.
14 Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa}.
Efezyen 2:14-15{Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.
15 Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l' yo ak tout regleman l' yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.}
Kounyaa si lwa a te aboli? Nou dwe tounen aplikel? Nou ka aprann de li men li expire pou nou.
DIM se pati nan lwa sa a ki repete nan levitik números e deteronôm plizyè fwa.
Men referans yo.:Levitik 27:30-34{N'amete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis
pou san sa yo ye.Resultado de imagen para la biblia

Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san
(20%) lavalè.Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a.Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa,chak fwa nou rive sou dizyèm
lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a,ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a.Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.}
Nombre 18:20-32 {Apre sa,Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan
tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.

Seyè a di konsa: -Mwen mete tout laDIM moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri.
Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.
M'ap bay moun Levi yo tout laDIM moun pèp Izr ayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa,mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.
Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':
-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo laDIM Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann laDIM pa nou bay Seyè a.
Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.
28 Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann laDIM moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li.
29 N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.
30 W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè.31 Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
32 Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt
manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou
derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou
mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.}
Daprè pasaj levetik nou sot li an kikote ou
supoze DIM sa a yo ale e poukisa yo te utilize yo?
Wap jwnn repons lan nan Nomb(resansman)
18:21.{Seyè a di konsa: -Mwen mete tout laDIM moun
Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou
sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan tant
tandevou a.}
E nomb(resasnsman)18:31 dil klè {Nombre
18:31 Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun
lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè
nan Tant Randevou a.}
Ampil moun pran pasaj sa a yo entèpretel mal nan nouvo Testaman an kòm kwa DIM nan se
pou Peye prèt, pastè. Opinyon sa a daprè mwen distôsyone paske nan nouvo testaman an pa gen zafè prèt. E jan Pierre ak Jan di nou nan:1pyè 2:5{Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi.}Resultado de imagen para jesus

27 Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.
28 Chak twazan, n'a pran laDIM tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.
29 Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fèChak ane
izraelit yo pran DIM swa nan sa yo rekolte nan latè swa nan diven, Lwil, bèt e Yale kote Bondye di endike yo,epi yo mange devan Jehová,bondye yo a e ké yo kontan avèk fanmi yo}.
E si nap swiv chak 3 ane yo utilize DIM nan diferan. Levetik 25:1-8{Seyè a pale ak Moyiz sou
mòn Sinayi a, li di l' konsa:
2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an,
n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.
3-Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan.
4- Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo.
5- Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
6- Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.
7- Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
8- N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne}
levitik 25:6-7{Pandan tout lanne sa tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.}
levitik 25:20-22{Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.
21 Mwen menm, Seyè a, m'a voye benediksyon m' sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l' ka donnen rekòt kantite pou twazan.
22 Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lane a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n' ranmase rekòt wityèm lanne sa a.}
Bon konyaa ann di wi lwa sa a ta supoze aplike jiskaprezan, dapre labib yo ta dwe itilizel pou
menm objektif nan tan lontan an, e sou menm fòm yo konn bay li a. Yon lòt kote e pasaj ki pale
pa egzamp de sakrifis bèt yo (levitik 9:17-23; levitik 9:2; egzòd 5:7-10; egzòd 22:29). Pouki
mesye-dam yo pa utilize lwa a sa a tou si vrèman yo dwe aplike tout sak nan bib lan? E pasaj ki
pale de zye pou zye dan an pou dan an (egzòd 21:22-25) ? E pasaj ki pale de kote fanm nan dwe
soumèt yo totalman ak mari yo a ( efezyen 5:22-23). De tout fason li referans sa a yo ki pi ro yo
pou moun kap di yo dwe utilize lwa DIM nan sou pretex li nan bib lan, ke siw pa bay li se yon
peche, kew pap beni, m swete yo pran tout pasaj sa a yo yo mete yo an aplikasyon osi, ann pa nan
patipri ni ipokrizi.Daprè nouvo testaman ou dwe bay saw genyen depann de nesesite legliz lan.
Nan ka sa a yon legliz kòm Shalom ki gen tout patrimwan sa a yo eskel merite ke malerez haiti
yo bal laDIM, imajinew yon moun kap antre 500 goud nan ti degage lap fè nan laria pou bay 4
pitit mange, alo se pa yon Krim si Shalom ta egzigel psikologikman bay 50 goud ladanl sou pretex
li pap beni. Egzamp sa a valab pou legliz katolik yo osi e silaa yo ki gen ampil mwayen yo



REZIME
An rezime de tout San di la a yo DIM nan se yon pati nan lalwa de ansyen testaman an, pati nan
kòmandman ke Bondye te bay pitit izrayèl yo atravè Moiz.
Kòm nou wè te gen 2 sòt de DIM premye a se te se te pou levit yo e dezyèm nan se pou moun yo
te ka utilizel pou rekonsilye yo avèk Bondye oubyen nan twazyèm ane a yo sanblel pou pòv yo
ak levit yo.DIM se yon pati nan lalwa a menm jan ak sakrifis animal yo menmjan ak ampil lòt prensip nan lalwa sa a. E kòm nou te wè Klè nan ansyen testaman an ke lwa saa yo te aboli paske jezi te sakrifyel pou sa. E se pou rezon sa a ki fè yo pa fè sakrifis animal ankò.
Si yon moun ta mande pouki nou pa fèl ankò, nou ta dwe reponn ke se te yon pati nan lwa moiz
yo, men yo pa valab ankò. Donk nou pa amba lawa ankò e si nou ta aplike pati nan lwa sa a nou
ta dwe aplike sakrifis animal la osi.
Lwa moiz lan pa aplikab ankò sa fè plis que 2000 ane avèk la mò de Jezukris.
Donk DIM se yon bagay ki Biblik ew jwenn li ampil kote nan bib sof ke li pa valab ankò.san dwe
aplike yo se sak nan nouvo testaman an, men nou ka aprann ampil de ansyen testaman an.e sak
nan nouvo testaman an pa DIM sinon se donè lib e ak kel kontan selon kapasitel.


Auteur: Mickel Ange Thomas
https://www.facebook.com/oscsd/

mercredi 31 octobre 2018

Tim Berners-Lee, el padre de la Web

Timothy "Tim" John Berners-Lee, KBE (LondresReino Unido8 de junio de 1955) es un científico de la computación británica, conocido por ser el padre de la World Wide Web. Estableció la primera comunicación entre un cliente y un servidor usando el protocolo HTTP en noviembre de 1989. En octubre de 1994 fundó el Consorcio de la World Wide Web (W3C) con sede en el MIT, para supervisar y estandarizar el desarrollo de las tecnologías sobre las que se fundamenta la Web y que permiten el funcionamiento de Internet.
Ante la necesidad de distribuir e intercambiar información acerca de sus investigaciones de una manera más efectiva, Berners-Lee desarrolló las ideas fundamentales que estructuran la web. Él y su grupo crearon lo que por sus siglas en inglés se denomina Lenguaje HTML (HyperText Markup Language) o lenguaje de etiquetas de hipertexto, el protocolo HTTP (HyperText Transfer Protocol) y el sistema de localización de objetos en la web URL (Uniform Resource Locator).

Es posible encontrar muchas de las ideas plasmadas por Berners-Lee en el proyecto Xanadú (que propuso Ted Nelson) y el memex(de Vannevar Bush).
Sir Tim Berners-Lee (cropped).jpg

vivre la vie

Nosotros, los Amigos de Dios es un grupo social, fundado por más de dos años que apunta a enmarcar a los niños vulnerables en Haití, para esto hemos tomado la iniciativa de transformar este grupo en una organización. Denominado: Organización social Corazones sensibles para el desarrollo.

Como nuestros medios aún son débiles, al no poder satisfacer todas las necesidades de estos niños, estamos haciendo una recaudación de fondos con el objetivo de continuar
thomas mickel 

Aidons-nous les uns les autres

Nous, les Amis(es) de Dieu est un groupe a caractère social, fondé depuis plus de deux ans qui a pour but d´encadrer les enfants vulnerables en haiti, pour cela nous avons pris l´initiative de transformer ce groupe en une organisation denomée: organisation sociale coeurs sensibles pour le developpement.

Comme nos moyens est encore faible, ne pouvant pas satisfaire tout les besoins de ces enfants, nous sommes entrain de faire une levée fonds dans l´objectif de continuer avec a les supporter.













lundi 29 octobre 2018